Flick Club LogoFlick Club Logo

Gérard-Marie Tardieu

Details

Birth Date 22 - 07 - 1941

Personal Name Gérard-Marie Tardieu

Alternate Names

  • Gmt

Gérard-Marie Tardieu, Direktè Jeneral Kopivit Laksyon Sosyal (Kopivit l'Action Sociale : www.lactionsociale.com), se yon edikatè karyè. Li totalize, jounen jodiya 52 lane eksperyans nan peyi Ayiti, Beljik, Kanada. Li ekri plis pase 65 liv pou lekòl, pou eskout, liv lekti pou timoun oubyen piblik la. Anplis responsabilite li nan Kopivit, li se direktè "Une Ecole Nouvelle"depi 27 lane. Li te Kòmisè Jeneral Eskout Ayiti pandan douzan epi Prezidan Eskout la pandan kenzan. Jodiya li se Kòmisè Jeneral Adjwen( annapre). Li se vis-prezidan Chanm Komès Ayisyano-Kanadyen (CCIHC). Li kwè lang kreyòl la se yon RICHÈS Bondye ban nou pou separe li ak tout pèp, ak tout moun ki vle. email: gmt@kopivit.com